Garage STRA

Garage STRA Bienvenue sur Yahoo!, la page d'accueil la plus visitée au monde. Garage STRA ( Service Technique et de Reparation des Automobiles)

Lancez des recherches rapides, gardez le contact avec vos amis et restez informé de la marche du monde.

08/06/2021

kijan pou tay motè gran vitara 2008.point de distribution Grand vitara 2008.Grand vitara 2008 distribution point.Punto de distribución grand vitara 2008.

21/11/2020
Men youn nan koz ki fè motè machin kraze anpil.Prèske tout moun kap itilize machin deja tande pale de "distribisyon / ta...
02/06/2020

Men youn nan koz ki fè motè machin kraze anpil.

Prèske tout moun kap itilize machin deja tande pale de "distribisyon / taymin bèl" men nou pa vrèman konn sa li ye, ki enpòtans li gen nan fonksyonman yon machin.

Taymin bèl la se yon kouwa avèk dan ki relye vilbreken ak abrakam nan machin gazolin gen kèk mak machin li tou pase nan ponp dlo a tou epi nan machin dizèl li relye vilbreken, abrakam, ponp enjeksyon e nan kèk mak ponp dlo.

Se taymin bèl la ki kontwole mouvman piston ak vav yo lè gaz ak oksijèn dwe rantre nan silenn yo ak pou lafimen soti.

Taymin bèl la gen yon tan pou li fè nan machin si yo pa chanjel nap peye konsekans la chè anpil, e nou ka menm rive pèdi machin nan nèt.

Taymin bèl la dwe chanje ant 60 000 a 160 000 kilomèt selon mak machin nan.
Si li pa chanje ou pa konn kilè wap tonbe nan pwoblèm motè kraze paske li ka kase nenpòt lè epi konsekans yo konn grav tankou: piston kraze, blòk motè kase, vilbreken kase, vav kwochi, tèt silenn andomaje, abrakam kase ak anpil lòt bagay ankò.

Li enpòtan pou gade nan dach machin paw la pou wè konbyen kilomèt ou genyen pou pa pran nan kouri a pye.
mesaj la bay tout moun kap itilize machin pou yo toujou gen enfòmasyon sou fonksyonnman machin yo "STRA GARAGE"

01/05/2020

Tout pwoblèm fini kote wap jwenn bon jan teknik pou machin ou ret pefòman. Depiw pasyone de machin ou tout saw wè ki ap fonksyone mal oswa ki parèt nan dach la sèlman voye yon mesaj watsap pou teknisyen yo edew jere sa.

Motè frèt ak tèt frèt nap fè ekonomi pou'n ale pi lwen.  * STRA COOLANT*
18/03/2018

Motè frèt ak tèt frèt nap fè ekonomi pou'n ale pi lwen. * STRA COOLANT*

Solisyon pou tout motè lèw mete stra coolant nan machin ou tèt frèt. motèw pap chofe, ou pap gen pwoblem tèt silenn, pon...
11/03/2018

Solisyon pou tout motè lèw mete stra coolant nan machin ou tèt frèt. motèw pap chofe, ou pap gen pwoblem tèt silenn, ponp dlo pap kraze, radyatè pap sal. Motèw ap dire pi lontan stra coolant ap fè 5ans ap jere tout sistèm machin nan tèt frèt.

Adresse

# 73, Delmas 31
Ville De Port-au-Prince

Téléphone

+50936377797

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Garage STRA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Garage STRA:

Partager