03/09/2025
Eskew konnen gen moun ki konn chita ap tann dosye rezidans, epui se aprè plizyè ane y'ap vin konnen yo pat gen dosye nan Imigrasyon?
Banm baw kèk egzanp
✅ Yon sitwayen ameriken aplike rezidans pou manmanl, yo mandel poul mete non tout ti moun manman genyen, efektivman li fè sa. Ti moun sa yo chita Ayiti yap tann rezidans. Ebyen verite a, sèke, kelkeswa laj yo genyen, yo pap janm jwenn rezidans nan ka sa.
️✅ Yon Mari ki se rezidan pèmanan aplike rezidans pou madanm li, li mete non ti moun yo anba dosye a. Kèk ane aprè li vin Citizen. Ebyen si l pa retounnen al ranpli yon aplikasyon pou chak ti moun sa yo de manyè separe. Ti moun yo pap jwenn rezidans anba manman.
️✅️ Yon pitit kap bay manmanl rezidans, manman marye ak yon mesye ki pa papal, li panse jis paske yo mandel non mari manmanl, dat maryaj etc. Sa vle di bòpè a ap jwenn rezidans tou. Sa pap janm rive.
✅️ Yon Frè ki aplike pou sèl, li mete non tout ti moun sè a genyen nan aplikasyon an, sepandan ti moun sa yo gen plis ke 21 lane. Ebyen ti moun sa yo pap janm jwenn rezidans sa.
Ou konnen yon ka konsa??? Ebyen, patajel ak yo pou retire yo nan ilizyon.